Yo te nonmen Manm Asanble Cruz kòm Dirijan Gwoup Travay Asanble a pou Nouvo Ameriken yo nan yon moman kritik pou plizyè milyon imigran Nouyokè.

New York, NY — Prezidan Asanble a Carl Heastie, te nonmen Manm Asanble Catalina Cruz pou dirije Gwoup Travay pou Nouvo Ameriken yo. Yo te chwazi Manm Asanble Cruz pou dirije Gwoup Travay la baze sou konesans entim li ak eksperyans pwofon li ak lit imigran Nouyokè yo. Gwoup Travay sou Nouvo Ameriken yo jwe yon wòl kle nan defans pou politik ak lejislasyon ki bay egalite ak avansman pou tout imigran k ap viv nan Eta New York. Gwoup Travay la ap chèche ogmante konesans tou sou enpak ekonomik ak sosyal imigran yo genyen sou Eta New York.

Manm Asanble Cruz te fèt nan Medellin, li te vini Etazini nan laj 9 an e li te viv san papye pandan plis pase yon deseni. Apre gradyasyon li nan Lekòl Dwa CUNY, li te kreye premye inisyativ Anti Trafik Imen li pou Depatman Travay Eta NY (NYS Department of Labor, NYSDOL), kote li te vin devlope pwotokòl pou ratifye Viza T & U pou viktim kalite krim grav ak trafik imen yo. Apre sa li te vin sèvi kòm konseye pou Konsil Komite Imigrasyon Vil New York la, kote li te elabore lwa kle vil la ki pwoteje moun kounye a kont fwod sèvis imigrasyon. Li te travay tou sou endikatè « Lwa sou detni yo, » ki pwoteje Dwa Konstitisyonèl imigran yo nan Vil New York.

Depi li antre nan fonksyon an 2019, Manm Asanble Cruz te defann lejislasyon kle pou amelyore lavi nouvo Ameriken yo. Li te yon vwa ki enpòtan anpil nan defans pou adopsyon Pèmi Kondui pou Tout Moun nan, ki site pwòp eksperyans li antanke yon ansyen imigran san papye ki pa t ka jwenn yon pèmi kondui. Defans li te esansyèl tou pou adopsyon Lwa DREAM José Peraltaa, ki bay elèv san papye yo aksè nan sibvansyon ak bous detid Eta New York jere yo, ki sipòte depans edikasyon siperyè yo.

Avèk plis pase 150 lang ki pale ak yon milye kilti ak relijyon ki selebre nan Distri Asanble 39 la, Manm Asanble Cruz gen privilèj pou reprezante youn nan distri ki pi divèsifye nan peyi a. Katye Jackson Heights, Corona, ak Elmhurst, ki sitiye nan Queens santral, ebèje rezidan ki soti nan chak kwen nan mond lan. Prèske 60% nan distri a se etranje pa nesans, kote apeprè 40% pa gen estati pèmanan (se benefisyè DACA, refijye epi san papye).

Manm Asanble Cruz se esponnsò prensipal plizyè pwojè lwa k ap defann dwa nouvo Ameriken yo, ki enkli kreyasyon dwa pou konsèy legal nan pwosedi tribinal imigrasyon yo nan tout eta a, ki otorize aksè nan benefis piblik yo kèlkeswa estati imigrasyon, epi bay asistans finansye pou fanmi imigran yo k ap antere pwòch yo.

« Peyi nou an te obsève yon ogmantasyon dramatik nan santiman anti-imigran pa politik piblik nwizib nan nivo federal la. Pandan n ap travay pou bay yon avni ki pi enklizif pou katye imigran nou yo, gwoup travay sa pwomèt pou asire ke okenn moun pa rete dèyè. Mwen vle remèsye Prezidan Asanble a Carl Heastie paske li fè m konfyans pou dirije yon inisyativ enpòtan konsa e pou angajman li pou konbat pou plis pase 4.2 milyon imigran ki rele Eta New York lakay yo. Mwen pa ka tann pou travay ak kòlèg mwen yo nan Eta a pou amelyore lavi tout Nouyokè, pandan n ap travay pou ranvèse youn nan pi move epòk anti imigran nan tan modèn yo, » Manm Asanble Catalina Cruz te deklare.

« Imigran yo se yon fil vital nan tisi sosyal ak ekonomik New York. Majorite Asanble a pa t janm sispann goumen pou moun k ap travay di ki konpoze kominote divèsifye nou yo » Prezidan Carl E. Heastie te deklare. « Antanke yon ansyen DREAM, Manm Asanble Carolina Cruz se sèl moun ki kalifye pou dirije Gwoup Travay sou Nouvo Ameriken yo pou asire ke tout Nouyokè gen aksè nan resous yo bezwen yo. »

« Nan yon moman kote plizyè milyon imigran Nouyokè ap pote chaj pandemi ak resesyon ekonomik lan, li vital pou lidè eta nou an leve kanpe epi ede kominote nou yo. Lidèchip Manm Asanble Cruz pou Gwoup Travay sou Nouvo Ameriken yo ap asire ke Albany reponn ak bezwen moman sa. Kowalisyon Imigrasyon New York la (The New York Immigration Coalition) felisite Manm Asanble Cruz e nou enpasyan pou travay ak li pou asire okenn moun pa rete dèyè pandan n ap rekonstui eta nou an, » te deklare Murad Awawdeh, Ko-Direktè Egzekitif pa enterim, Kowalisyon Imigrasyon New York.