Manm Asanble Cruz lanse toune ekout vityèl nan tout eta a pou amelyore sèvis pou imigran yo nan New York

Lejislatè a ap konsantre sou pwoblèm règlemantasyon ki afekte plis pase 4.2 milyon imigran k ap viv nan kominote atratè Eta New York

ALBANY, NEW YORK. Prezidan Gwoup Travay Asanble a sou Nouvo Ameriken yo, Manm Asanble Catalina Cruz, te anonse jodi a yon seri fowòm vityèl k ap sèvi kòm yon pati nan toune ekout vityèl nan tout eta li a. Seri yo vize pou konprann pi byen epi amelyore efikasite pwogram ak resous ki disponib yo pou akeyi epi sipòte plis pase 4.2 milyon imigran ki rele Eta New York lakay yo.

Seri yo, k ap difize pandan kat semèn yo, touche sou pwoblèm ki afekte kominote ki gen popilasyon imigran ki enpòtan yo atravè Eta New York. Seri yo ap sèvi kòm platfòm pou òganizasyon k ap sèvi imigran, ki baze nan kominote yo pou eksprime enkyetid yo, epi pèmèt yo fè rekòmandasyon sou fason gouvènman eta a ka amelyore kondisyon pou elektè yo. Ofisyèl eli atravè eta a, ki enkli Manm Asanble Pat Fahy, Ken Zebrowski, Phil Ramos, ak Harry B. Bronson, ap patisipe tou.

Enpak imigran yo nan New York enpòtan, soti nan plis pase 61 milya dola nan taks ki re-enjekte nan eta a pa fanmi imigran yo chak ane, rive nan anrichisman lavi kotidyen nou pa pwopriyetè biznis, pwofesè, sekouris imigran yo ak plis toujou. Asanble a, ki dirije pa Prezidan Carl Heastie, te rekonèt enpòtans sa lè li sipòte kominote imigran yo. Seri yo ap fè yon koudèy apwofondi sou sipò sa, ansanm ak tout eka nan sèvis ak bezwen pou finansman siplemantè.

« Akoz nou temwen de yon ogmantasyon nan krim ksenofobi ak lahèn atravè peyi a, gouvènman nou an dwe fè plis pou asire nouvo Ameriken yo santi yo akeyi nan kominote nou yo. Mwen kwè anpil ke pou nou konstui yon sosyete ki enklizif nèt, dwe genyen yon demantèlman baryè entegrasyon sosyal ak ekonomik pou kominote imigran k ap grandi nou yo. Rekòmandasyon panelis patisipan yo fè yo ap sèvi kòm yon baz pou gide politik sosyal ak fiskal piblik yo alavni, » Manm Asanble Catalina Cruz, Prezidan Gwoup Travay Asanble a sou Nouvo Ameriken yo, te deklare.

«Imigran yo se, e yo te toujou yon pati antye nan kominote, ekonomi ak eta nou an, » Prezidan Carl Heastie te deklare. « Ane pase a te difisil pou tout moun, e li genyen pwoblèm konpoze ki te egziste anvan nan kominote nou yo, epi espesyalman nan kominote imigran nou yo. Toune ekout sa ap ede Majorite Asanble a konprann pi byen difikilte imigran yo ap fè fas atravè New York e kijan nou ka jwenn pi byen zouti ak resous yo bezwen pou pwospere. Mwen enpasyan pou tande rezilta fowòm sa yo, epi kontinye travay ak Manm Asanble Cruz ak Gwoup Travay sou Nouvo Ameriken yo pou mete fanmi New York yo — kèlkeswa kote yo te fèt – an premye. ”

Fowòm rejyonal ki pwograme ke Gwoup Travay Asanble a sou Nouvo Ameriken yo ap akeyi a ap kòmanse a 3:00 PM nan dat sa yo:

  • Jedi 15 avril 2021
    Amelyorasyon aksè nan sèvis legal ak jistis pou imigran yo
    Rejyon Capital District ak Mohawk Valley
  • Jedi 22 avril 2021
    Amelyorasyon aksè nan swen sante ak opòtinite edikasyon
    Rejyon Hudson Valley
  • Jedi 29 avril 2021
    Fòmasyon sou mendèv ak antreprenarya
    Rejyon Long Island ak Vil NY
  • Jedi 6 me 2021
    Amelyorasyon disponiblite pwogram anglè pou adilt
    Rejyon Lwès New York

Jounalis ki swete enskri pou fowòm nan ka konfime prezans yo nan: https://us02web.zoom.us/webinar/register/WN_WjTxes1xQq-TZFuKApDdqA

Lè ou fin enskri, w ap resevwa yon imel konfimasyon ki genyen enfòmasyon sou kijan pou antre nan wèbinè a. Ou ta dwe voye Kesyon pou patisipan fowòm yo pa imel bay martinga@nyassembly.gov.